SIMITYÈ

I
Jodia se jou Gede, ah ah ah!
Y’ap vin fè grimas,
Pòt mwen ouvri byen laj.
Y’ap antre ak flè, ak kleren, ak piman,
Ipokrit yo…
Yo vin sakle, limen balèn,
Vin mande Bawon Justin —
Vanjans!

II
Yo vin chita sou kav,
Gouye nan poto,
Sèl lè nou bezwen nou sonje m.
Pandan nou vivan, nou meprize m,
Epi kounya, mouri,
Nou vin repoze nan mwen.

III
Pòv simityè pandan yo t ap byen mennen,
Yo tout te bliye w.
Lè yo te plen fanm, lajan, kay, machin,
Lè yo tap byen pase, yo pat menm gade w.
Yo rele m “depotwa kadav.”

IV
Kote tout frekansite ak richès pa vo yon mèd,
Kantite kòb kòk mò fè san peye m… hmm.
Si m te fèmen baryè m,
Kisa san pral fè a kadav sa yo?
Sak ta di sa… hmm?

V
Moun Pòtoprens fè m tounen abri,
Anpeche rezidanm yo mouri anpè.
Gade eta vivan yo tounen!
M ta ri nou vre wi…
Men sèl pòt soti n,
Se lanmò.

VI
Bawon, lè gwo palto mouri fwete yo!
Fout yo deyò, pa kite yo jwenn lapè.
Toumante yo!
Fout yo piman, krache sou yo!
Pete nan figi yo, degobye sou yo!

VII
Moun pa dwe mouri avan lè yo,
Ou pa wè se fòs pèdi yo fè kounya?
Salopri sa yo pa dwe jwenn lapè menm!
Nou pa bezwen yo nan wayòm sa a.

VIII (Final)
De bram ouvri…
M’ap tann yo.
Bawon… fwete yo!
(bis x7)

📸 by : Stéphan-Ayiti

📜 by : Stéphan-Ayiti

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *