Si vyeyès se pase kisa pase jenerasyon avan yo aprann nou?
Yon foto ki montre de (2) laj diferan ak yon pasaj kafou kat (4) kote nou tout gen pou rankontre nan vi sa. Nou tout ap gen pou jije, yo pral jije nou nan kat pwent, kat vizaj, kat rasin, kat epòk, kat sezon, kat chwa nou te fè nan vi nou. Kisa lavi aprann nou? Kisa nou te bay e pran nan la nati? Vyeyès ou se yon vèsyon de saw te ye nan jenès ou. Yon zetwal, yon fòs, yon direksyon. Ann pwofite trase chimen nou ak avni nou nan kominote sila pou pote plis bon bagay nan kè zanfan demen yo.
Foto : Stéphan-Ayiti