Avan se te mwen tout kote,
Yon elegans san parèy,
Yon jazz pou kò mwen,
Yon solèy pou chak moso tè ak planèt.
Ane yo pase vit,
Menm jan vitès ak eksplowa mwen yo.
Sam pat gentan sove yo—m pèdi yo.
Sam pat gentan konnen yo—m pèdi yo.
Kounya m tounen yon lonbray,
Pèsonn pa banm regle anyen pou yo.
E si…
E si se te sa m te toujou ye?
Foto : Stéphan-Ayiti